Proverbs 18
Haitian Creole Bible

1Moun k'ap viv apa se tèt li ase li konnen. Li move sou tout moun ki vle ba li bon konsèy.

2Moun sòt pa pran plezi l' nan chache konprann. Tou sa l'ap chache se fè moun konprann li gen lespri.

3Y'ap meprize moun k'ap fè mechanste. Moun ki pa fè respè tèt yo gen pou yo wont.

4Pawòl moun ki gen konprann fon kou lanmè, fre tankou yon sous k'ap koule tout tan.

5Sa pa bon pou ou pran pou moun mechan, ni pou ou enpoze yo rann moun inonsan jistis.

6Depi moun sòt ap pale, se kont l'ap chache. Si ou koute pawòl nan bouch li, w'a ba l' kou.

7Bouch moun sòt se kondannasyon li. Pawòl ki soti nan bouch li tounen pèlen pou li.

8Tripotay dous nan zòrèy moun ki vle tande yo. Sa mache nan san yo.

9Moun ki parese nan travay li se menmman parèyman ak moun k'ap defèt sa k'ap fèt.

10Seyè a, se yon gwo ranpa byen solid. Se la moun k'ap mache dwat yo kouri al chache pwoteksyon.

11Pou moun rich yo, byen yo tankou yon ranpa byen solid. Yo mete nan tèt yo se sa k'ap pwoteje yo.

12Lè w'ap fè awogans, yo pa lwen kraze ou. Lè ou fè kò ou piti, y'a fè lwanj ou.

13Moun ki prese reponn san koute sa y'ap di l', se moun sòt li ye. Li gen pou l' wont.

14Lè yon moun anvi viv, sa ede l' anpil lè li malad. Men, si li dekouraje, ki moun ki ka remoute kouraj li?

15Yon moun lespri ap toujou chache gen plis konesans. Zòrèy moun ki gen bon konprann toujou pare pou l' ka konnen plis toujou.

16Kado ou fè louvri chemen pou ou toupatou, ata chemen ki mennen lakay grannèg.

17Moun ki pale anvan nan tribinal toujou sanble li gen rezon. Lè lòt moun lan parèt, kat je kontre, manti kaba.

18Lè de grannèg gen kont, jij yo fè tiraj osò pou konnen kilès pou yo bay rezon.

19Li pi fasil pou mete lapè nan yon gwo lavil pase pou ou rekonsilye de frè ki nan kont. Lè yo fache, kè yonn se pòt prizon pou lòt.

20Rekonpans yon moun chita sou sa ki soti nan bouch li.

21Sa ou di ka lavi pou ou, li ka lanmò pou ou. Sa ou chwazi, se sa w'ap jwenn.

22Lè yon nonm jwenn yon bon madanm, se yon bon bagay. Se yon gwo favè Seyè a fè l'.

23Lè yon pòv ap pale, li toujou nan tanpri souple. Men, moun rich toujou ap rele sou moun.

24Gen zanmi se pran yo vin pran. Men, gen zanmi tou yo plis pase frè.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Proverbs 17
Top of Page
Top of Page