Proverbs 24
Haitian Creole Bible

1Pa anvye sò mechan yo. Pa chache fè zanmi ak yo.

2Yon sèl bagay ki nan tèt yo, se fè mechanste. Yon sèl pawòl ki nan bouch yo, se fè moun mal.

3Bon konprann ap fè kay ou kanpe. Bon konesans ap fè l' kanpe fèm.

4Kote ki gen konesans, pyès kay yo plen ak bon bagay ki koute chè.

5Pito ou gen bon konprann pase ou gen fòs. Wi, moun ki gen konesans vo plis pase moun ki gwonèg.

6Paske, se pou ou ranje plan ou anvan ou antre nan batay. Plis ou gen moun k'ap ba ou konsèy, plis ou gen chans pou ou genyen batay la.

7Pawòl moun konprann twò wo pou moun san konprann. Yo pa gen anyen pou yo di kote koze serye ap pale.

8Lè yon moun tout tan ap kalkile jan pou l' fè sa ki mal, y'ap rele l' malveyan.

9Tou sa moun san konprann gen lide fè, se fè sa ki mal. Konsa tou, moun pa vle wè moun k'ap plede pase moun nan betiz.

10Si jou malè ou pa gen kouraj pou kenbe, ou pa t' janm gen fòs vre.

11Delivre moun y'ap trennen pou y' al touye. Sove moun y'ap bourade pou y' al egzekite.

12Si ou pran pòz ou pa t' konn sa, chonje Bondye. Li menm k'ap jije sa ki nan kè moun, l'ap wè sa. Li menm k'ap veye tou sa w'ap fè, l'ap konn sa. L'ap fè tout moun peye pou sa yo fè.

13Pitit mwen, bwè siwo myèl, sa bon pou ou. Menm jan siwo myèl k'ap koule soti nan gato myèl dous nan bouch ou,

14se konsa konesans ak bon konprann bon pou nanm ou. Si ou genyen yo, w'a fè chemen ou nan lavi. Sa w'ap tann lan, lavalas p'ap pote l' ale.

15Pa janm fè plan tankou mechan yo pou chache fofile kò ou anndan kay moun k'ap mache dwat. Pa chache devalize kote l' rete a.

16Paske, moun k'ap mache dwat yo te mèt tonbe sèt fwa. Pa pè, y'ap toujou leve ankò. Men, nan mechanste yo, mechan yo ap tonbe, yo p'ap ka leve ankò.

17Pa prese fè kè ou kontan lè malè rive lènmi ou. Pa kouri fè fèt lè li bite.

18Seyè a ap wè sa. Sa p'ap fè l' plezi. Li ka rive pa pini l' poutèt sa.

19Pa kite moun k'ap fè sa ki mal fè ou pèdi tèt ou. Pa anvye sò mechan yo.

20Paske mechan yo pa pral lwen. Lavi yo tankou yon lanp k'ap mouri.

21Pitit mwen, gen krentif pou Seyè a. Respekte wa a. Ou pa gen anyen pou ou wè ak moun k'ap kenbe tèt ak yo.

22Moun sa yo ap rete konsa, malè ap tonbe sou yo. Ou pa janm konnen ki kalite malè Seyè a osinon wa a ka fè rive sou ou.

23Men lòt pawòl moun ki gen bon konprann yo te di ankò. Sa pa bon pou yon jij gade sou figi moun lè l'ap rann jijman.

24Lè yon jij di yon moun ki fè sa ki mal: Se ou ki gen rezon, jij sa a, tout moun gen pou madichonnen l'. Y'ap rayi l' toupatou sou latè.

25Men, jij ki pini moun ki antò a va gen kè kontan. Bondye va beni l'. Tout zafè l' va mache byen.

26Lè ou bay yon bon repons, ou aji tankou yon bon zanmi.

27Regle tout zafè ou. Mete jaden ou anfòm. Apre sa, ou mèt tabli.

28Pa leve pale sou do frè parèy ou san rezon. Pa bay manti sou li.

29Pa janm di li fè m', m'ap fè l' tou. M'ap fè l' peye sa li fè a.

30Mwen pase bò jaden yon nonm parese, bò jaden rezen yon moun ki san konprann.

31Pikan te fin pran jaden an nèt. Move zèb t'ap pouse toupatou. Lantouraj jaden yo te fin tonbe.

32Lè mwen wè sa, mwen kalkile. Mwen gade, sa ban m' yon leson.

33Dòmi, kabicha, kouche sou do, kwaze men ou dèyè tèt ou... Se bon!

34W'ap rete konsa, w'ap wè ou pòv. Mizè ap tonbe sou ou tankou yon ansasen san ou pa atann.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Proverbs 23
Top of Page
Top of Page