Psalm 137
Haitian Creole Bible

1Nou te chita bò larivyè ki nan peyi Babilòn yo, nou t'ap kriye lè nou chonje peyi Siyon.

2Nou te pandye gita nou yo nan branch pye sikren peyi a.

3Moun ki te fè nou prizonye yo t'ap mande pou nou chante pou yo. Moun ki t'ap peze nou yo t'ap mande pou nou anmize yo: -Chante yon chante peyi Siyon pou nou non!

4Ki jan ou ta vle pou n' chante yon chante Seyè a nan yon peyi etranje?

5Si nou bliye ou, Jerizalèm. se pou nou bliye ki jan pou nou sèvi ak men dwat nou tou.

6Si nou pa chonje ou, si nou pa konsidere ou tankou pi gwo kontantman nou, se pou lang nou kole nan fon bouch nou.

7Seyè, chonje sa moun peyi Edon yo te fè jou yo te pran lavil Jerizalèm. Chonje jan yo t'ap di: Kraze l'! Kraze l' ratè!

8Nou menm moun lavil Babilòn, yo gen pou yo fini ak nou yon lè. Benediksyon pou moun ki va fè ou sibi menm bagay ou te fè nou sibi a.

9Benediksyon pou moun ki va pran pitit ou yo, ki va kraze yo sou gwo wòch!

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Psalm 136
Top of Page
Top of Page