Titus 3
Haitian Creole Bible

1Fè yo chonje se pou yo soumèt devan tout chèf ak tout otorite, pou yo obeyi yo, pou yo toujou pare pou fè tou sa ki byen. 2Yo pa dwe nan pale moun mal, yo pa dwe nan fè kont ak pesonn. Se pou yo gen pasyans ak tout moun, se pou yo aji ak dousè ak tout moun.

3Paske, nou menm tou, nan tan lontan nou te tankou moun fou, nou pa t' obeyisan devan Bondye, nou te tankou moun ki pèdi chemen yo. Nou te esklav tout kalite move dezi ak move plezi. Nou t'ap viv ak mechanste, ak jalouzi nan kè nou. Moun te rayi nou, epi nou menm, nou te rayi yo tou. 4Men, lè Bondye fè nou wè jan li gen bon kè, jan li renmen tout moun, 5li te delivre nou. Li pa t' delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou. Li delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou n' te ka viv yon lòt jan. 6Bondye voye Sentespri li sou nou an kantite, gremesi Jezi, Kris la, ki delivre nou. 7Avèk favè sa a Bondye fè nou an, li fè nou gras. Koulye a nou ka resevwa sa n'ap tann lan: lavi ki p'ap janm fini an. 8Sa se pawòl sèten. Mwen ta renmen ou peze sou bagay sa yo anpil pou tout moun ki mete konfyans yo nan Bondye ka okipe tout tan yo ap fè sa ki byen. Se bagay konsa ki bon, ki kapab sèvi tout moun.

9Pa antre nan okenn vye diskisyon san sans, ni nan chache konnen non gran granparan moun, ni nan chache kont, ni nan goumen pou lalwa Moyiz la. Bagay sa yo pa sèvi anyen, yo pa vo anyen. 10Si yon moun vle mete divizyon, pale avè l' yon premye fwa, yon dezyèm fwa. Si li pa koute ou, pa okipe li. 11Paske ou konnen byen yon moun konsa fin pèdi. Sè pwòp peche li yo k'ap kondannen li.

12Lè m'a voye Atemas osinon Tichik ba ou, fè posib ou pou ou vin jwenn mwen lavil Nikopolis, paske se la mwen fè lide pase sezon fredi a. 13Fè sa ou kapab pou mèt Zenas, avoka a, ansanm ak Apolòs, pou yo pa manke anyen pou vwayaj yo a. 14Se pou moun nou yo aprann fè sa ki byen tou, pou yo bay lè gen ka nesesite. Yo pa fèt pou y'ap viv konsa san yo pa bay anyen.

15Tout moun ki avè m' yo voye bonjou pou ou. Di tout zanmi nou nan lafwa yo bonjou. Mwen mande pou Bondye ban nou tout favè li.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Titus 2
Top of Page
Top of Page