Zechariah 4
Haitian Creole Bible

1Zanj ki t'ap pale ak mwen an vini ankò. Li souke m' tankou yo souke yon moun k'ap dòmi pou fè l' leve. 2Li di m' konsa: -Sa ou wè la a? Mwen reponn li: -Mwen wè yon lanp sèt branch an lò ki kanpe atè. Li gen yon gwo bòl nan tèt li, avèk sèt lanp sou rebò bòl la. Chak lanp gen sèt bòbèch pou sèt mèch. 3Bò lanp sèt branch lan te gen de pye oliv, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch. 4Apre sa, mwen pran lapawòl, mwen mande zanj ki t'ap pale avè m' lan: -Mèt, kisa bagay sa yo ye? 5Li reponn mwen: -Ou pa konn sa sa yo ye? Mwen reponn li: -Non, mèt! M' pa konnen non! 6Lè sa a, zanj ki t'ap pale avè m' lan reponn mwen, li di m': -Men mesaj Seyè a voye pou Zowobabèl: Se pa avèk vanyan sòlda ou yo, ni avèk pwòp kouraj ou ou pral rive nan sa ou gen pou fè a. Men se va avèk pouvwa lespri pa m' m'ap ba ou a. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. 7Pi gwo antrav yo pral disparèt devan ou, Zowobabèl! Pi gwo mòn lan ap tounen yon plenn. Ou gen pou ou pran yon bèl wòch ladan l' pou fè lento pòtay tanp lan. Lè sa a tout moun va rele: Ala bèl sa bèl! Mèsi pou li!

8Seyè a pale avè m' ankò, li di m': 9-Zowobabèl mete men nan fondasyon kay la. Li gen pou l' fini l'. Lè sa a, pèp mwen an va konnen se mwen menm, Seyè a, ki te voye ou bò kote yo. 10Yo te pran ti konmansman sa yo pou anyen. Men, ala kontan y'a kontan lè y'a wè Zowobabèl ap kontwole travay la, filaplon li nan men l'! Zanj lan di m' ankò: -Lanp sèt branch ou wè la a se sèt je Seyè a ki wè tou sa k'ap pase sou latè.

11Mwen mande l': -De pye oliv ki chak bò lanp sèt branch lan, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch, kisa yo ye? 12De branch oliv sou kote de ti tiyo an lò kote lwil ap koule a, kisa yo vle di? 13Li reponn mwen. -Ou pa konnen sa yo vle di? Mwen di l': -Non, mèt. M' pa konnen non! 14Li di m' konsa: -Se de moun Bondye chwazi pou fè travay Seyè a, Mèt latè a.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Zechariah 3
Top of Page
Top of Page