Genesis 36
Haitian Creole Bible

1Men pitit pitit Ezaou yo. Se Ezaou sa a yo te rele Edon.

2Ezaou te chwazi fi nan moun peyi Kanaran yo pou madanm. Yonn te rele Ada. Se te pitit fi Elon, yon moun Et. Yon lòt te rele Olibama, pitit fi Ana, ki li menm te pitit fi Zibeyon, yon moun Evi. 3Li te marye tout ak Basmat, pitit fi Izmayèl la, sè Nebajòt. 4Se Ada ki te fè Elifaz pou Ezaou. Basmat te fè Reouyèl, 5Olibama menm te fè Jeouch, Jalam epi Kore. Se tout pitit sa yo Ezaou te fè antan li te nan peyi Kanaran.

6Yon jou, Ezaou pran madanm li yo, pitit gason l' yo, pitit fi li yo, tout moun ki te lakay li, tout mouton l' yo, tout kabrit li yo ansanm ak tou sa li te genyen nan peyi Kanaran, li pati pou yon lòt peyi byen lwen Jakòb, frè li. 7Li te fè sa paske tè kote li t'ap viv ansanm ak Jakòb, frè l' la, te vin twò piti pou yo. Yo te vin gen twòp bèt, yo pa t' kapab rete ansanm ankò menm kote a. 8Se konsa Ezaou, yo rele Edon tou, al rete nan mòn Seyi.

9Men pitit pitit Ezaou, papa moun Edon yo ki rete nan mòn Seyi a. 10Men non pitit gason Ezaou yo: Se te Elifaz, pitit Ada, madanm Ezaou, ak Reouyèl, pitit Basmat, madanm Ezaou tou. 11Men non pitit gason Elifaz yo: Se te Teman, Oma, Zefo, Gayetan ak Kenaz. 12Elifaz, pitit Ezaou a, te gen yon fanm kay yo te rele Timna. Se li ki manman Amalèk. Sa yo se tout pitit pitit gason Ada, madanm Ezaou. 13Men non pitit gason Reouyèl yo: Se te Naat, Zerak, Chanma ak Miza. Sa yo se pitit pitit gason Basmat, madanm Ezaou. 14Men non pitit gason Olibama, madanm Ezaou, te fè pou li: Jeouch, Jalam ak Kore. Olibama te pitit fi Ana, pitit fi Zibeyon.

15Men chèf branch fanmi pitit pitit Ezaou yo. Men non tout pitit gason Elifaz, premye pitit gason Ezaou a: Se te Teman, Oma, Zefo, Kenaz, 16Kore, Gayetan ak Amalèk. Yo tout te chèf. Se pitit Elifaz sa yo ki te chèf nan peyi Edon an: Yo tout se pitit pitit Ada yo ye. 17Men non pitit gason Reouyèl, pitit gason Ezaou a: Se te Naat, Zerak, Chanma ak Miza. Yo tout te chèf tou. Se pitit Reouyèl sa yo ki te chèf nan peyi Edon an. Yo tout se pitit pitit Basmat, madanm Ezaou, yo ye. 18Men non tout pitit gason Olibama, madan Ezaou: Se te Jeouch, Jalam ak Kore. Yo tout te chèf. Se chèf sa yo ki te pitit Olibama, madan Ezaou. Olibama te pitit fi Ana. 19Se te non tout pitit pitit Ezaou yo sa. Yo te rele Ezaou Edon tou. Se yo ki te chèf branch fanmi yo.

20Men non tout pitit gason Seyi, moun peyi Ori. Se yo menm ki rete nan peyi a depi lontan. Se Lotan, Chobal, Zibeyon, Ana, 21Dichon, Ezè ak Dichan. Se chèf moun peyi Ori yo sa. Yo se pitit gason Seyi nan peyi Edon. 22Men non pitit Lotan yo: Se te Ori ak Eman. Timna te sè Lotan. 23Men non pitit Chobal yo: Se te Alvan, Manaat, Ebal, Chefo ak Anam. 24Men non pitit Zibeyon yo: Se te Aja ak Ana. Se Ana sa a ki te jwenn sous dlo cho yo nan dezè a, lè l' t'ap gade bourik Zibeyon, papa l' yo. 25Men non pitit Ana yo: Se te Dichon, yon gason ak Olibama, yon fi. 26Men non pitit gason Dichon yo: Se te Emdan, Echban, Jitran ak Keran. 27Men non pitit gason Ezè yo: Se te Bilan, Zavan ak Akan. 28Men non pitit gason Dichan yo: Ouz ak Aran. 29Men non chèf moun peyi Ori yo: Se te Lotan, Chobal, Zibeyon, Ana, 30Dichon, Ezè, Dichan. Se te tout chèf moun Ori yo sa. Se yo ki te chèf branch fanmi moun Ori yo nan peyi Seyi.

31Men wa ki te gouvènen peyi Edon an, anvan te gen ankenn wa pou gouvènen pèp Izrayèl la. 32Bela, gason Beyò a, t'ap gouvènen peyi Edon. Yo te rele lavil kote li te rete a Denaba. 33Lè Bela mouri, se Jobab, gason Zerak la, moun lavil Bozra, ki te gouvènen nan plas li. 34Lè Jobab mouri, se Oucham, moun peyi Teman, ki te gouvènen nan plas li. 35Lè Oucham mouri, se Adad, pitit gason Bedad la, ki te gouvènen nan plas li. Se Adad sa a ki te bat moun peyi Madyan yo nan plenn Moab la. Yo te rele lavil kote li te rete a Avit. 36Lè Adad mouri, se Samla, moun Masreka, ki te gouvènen nan plas li. 37Lè Samla mouri, se Sayil, moun lavil Reyobòt bò gwo larivyè Lefrat la, ki te gouvènen nan plas li. 38Lè Sayil mouri, se Baalanan, pitit gason Akbò a, ki te gouvènen nan plas li. 39Lè Baalanan, pitit gason Akbò a, mouri, se Ada ki te gouvènen nan plas li. Yo te rele lavil kote li te rete a Paou. Madanm li te rele Metabèl. Se te pitit fi Matrèd ki poutèt pa l' tè pitit fi Mezarab.

40Men lis non tout pitit Ezaou yo ki te chèf ansanm ak non branch fanmi yo ak non kote yo te rete: Timna, Alva, Jetèt, 41Olibama, Ela, Penon, 42Kenaz, Teman, Mibza, 43Magdiyèl, Iram. Se non chèf Edon yo sa ansanm ak non kote yo te rete nan peyi a. Se Ezaou ki papa yo tout nan peyi Edon.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Genesis 35
Top of Page
Top of Page