Psalm 83
Haitian Creole Bible

1(83:1) Chante sa a se yon sòm Asaf li ye. (83:2) O Bondye, pa rete ak bouch ou fèmen! Pa rete san ou pa di anyen, Bondye! Pa rete konsa san ou pa fè anyen!

2(83:3) Men li! Lènmi ou yo ap revòlte. Moun ki pa vle wè ou yo ap leve dèyè ou!3 (83:4) Y'ap fè konplo an kachèt sou do pèp ou a, y'ap mete tèt yo ansanm sou do moun w'ap pwoteje yo.

3

4(83:5) Yo di: -Vini non! Ann efase non yo pami nasyon yo, pou pesonn pa janm chonje peyi Izrayèl la ankò!

5(83:6) Yo mete tèt yo ansanm, yo fè yon sèl lide: yo dakò pou yo fè bann sou do ou.

6(83:7) Moun peyi Edon ansanm ak pitit pitit Izmayèl yo, moun peyi Moab ansanm ak pitit pitit Aga yo,

7(83:8) moun peyi Gebal, moun peyi Amon ansanm ak moun peyi Amalèk yo, moun peyi Filisti ansanm ak moun lavil Tir, yo tout yo dakò.

8(83:9) Moun peyi Lasiri yo tou fè bann ak yo, yo mete fòs yo ansanm ak pitit pitit Lòt yo.

9(83:10) Sa ou te fè moun peyi Madyan yo, sa ou te fè Sisera ansanm ak Jaben nan ravin Kichon an, se sa pou ou fè yo tou.

10(83:11) Ou te kraze yo nan Andò, ou fè kadav yo tounen fimye pou tè a.

11(83:12) Sa ou te fè Orèb ak Zeèb, se sa pou ou fè chèf lame yo tou! Menm jan ou te kraze Zebak ak Salmouna, se konsa pou ou kraze chèf yo tou,

12(83:13) paske yo te di: -Ann pran peyi Bondye a pou nou.

13(83:14) Bondye mwen, gaye yo tankou pousyè nan toubouyon, tankou pay van ap pote ale.

14(83:15) Tankou dife k'ap boule nan rakbwa, tankou flanm dife k'ap mache boule mòn yo,

15(83:16) se konsa pou ou kouri dèyè yo ak gwo van tanpèt ou a. Fè yo pè ak gwo van siklòn ou yo!

16(83:17) Fè yo wont, fè yo blije kache figi yo, Seyè, pou yo ka chache konnen ou.

17(83:18) Se pou yo wont nèt jouk yo pa konn sa pou yo fè. Se pou yo kouri kache, se pou yo mouri.

18(83:19) Fè yo konnen se ou menm sèl ki Seyè, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Psalm 82
Top of Page
Top of Page