1 Chronicles 3
Haitian Creole Bible

1Men non pitit gason David vin genyen antan li te lavil Ebwon. Pi gran an te rele Amon. Se Akinoam, moun lavil Jizreyèl, ki te manman l'. Dezyèm lan te rele Danyèl. Se Abigayil, moun lavil Kamèl, ki te manman l'. 2Twazyèm lan te rele Absalon. Se Maka, pitit fi Talmayi, wa lavil Gechou a, ki te manman l'. Katriyèm lan te rele Adonija. Se Agit ki te manman l'. 3Senkyèm lan te rele Chefatya. Se Abital ki te manman l'. Sizyèm lan te rele Jitreyam. Se Egla, madan David, ki te manman l'. 4Sis pitit sa yo te fèt lavil Ebwon kote David te gouvènen pandan sètan sis mwa. Apre sa, David al rete lavil Jerizalèm kote li gouvènen pandan tranntwazan. 5Li fè anpil pitit gason la tou. Batcheba, pitit fi Amiyel la, fe kat pitit gason pou li: Chimea, Chabab, Natan ak Salomon. 6Li te gen nèf lòt pitit gason: Iba, Elichwa, Elpelèt, 7Noga, Nefèg, Jafya, 8Elichama, Elyada, Elifelèt. 9David te fè lòt pitit gason toujou ak lòt fanm kay mete sou sa yo. Li te gen yon pitit fi yo te rele Tama.

10Salomon te papa Woboram, Woboram te papa Abija, Abija te papa Asa, Asa te papa Jozafa, 11Jozafa te papa Joram, Joram te papa Okozyas, Okozyas te papa Joas, 12Joas te papa Amazya, Amazya te papa Azarya, Azarya te papa Jotam, 13Jotam te papa Akaz, Akaz te papa Ezekyas, Ezekyas te papa Manase, 14Manase te papa Amon, Amon te papa Jozyas. 15Jozyas te gen kat pitit gason. Pi gran an te rele Jokanan, dezyèm lan Jojakim, twazyèm lan Sedesyas, katriyèm lan Chaloum. 16Jojakim te papa Jekonya ak Sedesyas.

17Men non fanmi wa Jojakim moun Babilòn yo te fè prizonye a. Jojakim te gen sèt pitit gason: Chealtyèl, 18Malkiram, Pedaja, Chenasa, Jekamya, Ochama ak Nedabya. 19Pedaja te gen de pitit gason: Zowobabèl ak Chimeyi. Zowobabel te gen de pitit gason: Mechoulam ak Ananya, ak yon pitit fi, Chelomit. 20Li te fè senk lòt pitit gason. Se te Achouba, Ojèl, Berekya, Asadya ak Jouchabesèd. 21Ananya te gen de pitit gason: Pelatya ak Jechaya. Jechaya te papa Refaya, Refaya te papa Anan, Anan te papa Obadya, Obadya te papa Chekanya. 22Chekanya te gen yon pitit gason, Chemaya, ak senk pitit pitit: Atouch, Igal, Barya, Nearya ak Chafat. 23Nearya te gen twa pitit gason: Elioenayi, Izkiya ak Azrikam. 24Elioenayi te gen sèt pitit gason: Odavya, Elyachib, Pelaya, Akoub, Joanan, Delaya ak Anani.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

1 Chronicles 2
Top of Page
Top of Page