2 Kings 10
Haitian Creole Bible

1Akab te gen swasanndis pitit gason nan lavil Samari. Jeou ekri yon lèt, li voye yon kopi bay tout chèf ki lavil Samari yo, bay chèf fanmi yo ak bay moun ki reskonsab pitit Akab yo. Men sa li voye di yo: 2--Mwen konnen se nou menm ki gen reskonsablite tout pitit mèt nou yo, cha lagè li yo, chwal li yo, ranpa lavil la ak tout zam ki ladan l'. Resevwa n'a resevwa lèt sa a, 3n'a chwazi yonn nan pitit mèt nou an, sa nou wè ki pi bon an, sa ki gen kalite pou sa, n'a mete l' sou fotèy la nan plas papa l'. Lèfini, n'a goumen pou pran defans li. 4Men mesye yo te pè anpil, yo di: --De wa pa t' ka kenbe tèt ak li. Kote se nou ki pou ta rive fè l'! 5Se konsa ofisye ki te anchaj palè a, gouvènè lavil la, chèf fanmi yo ak reskonsab pitit wa yo voye di Jeou: --Se sou zòd ou nou ye, n'ap fè tou sa ou di nou fè. Men, nou p'ap mete pesonn wa. W'a fè sa w'a wè ki pi bon. 6Jeou voye yon dezyèm lèt ba yo, li di yo: --Si nou avè m', si nou vle koute lòd mwen enben, denmen lè konsa, pote tèt pitit Akab yo ban mwen isit lavil Jizreyèl. Swasanndis pitit Akab yo te lakay grannèg lavil Samari ki t'ap elve yo. 7Lè yo resevwa lèt Jeou a, yo touye swasanndis pitit Akab yo, yo mete tèt yo nan panyen, yo voye yo bay Jeou lavil Jizreyèl. 8Lè yo vin di Jeou yo te pote tèt pitit wa Akab yo, li bay lòd pou yo fè de pil ak yo bò pòtay lavil la, kite yo la jouk denmen maten. 9Nan denmen maten li soti, l' ale kanpe bò pòtay la, li di moun ki te la yo: --Se mwen menm ki te fè konplo kont Joram, mèt mwen an, pou m' te touye l'. Nou pa gen anyen pou nou wè nan sa. Men, sa yo, ki moun ki touye yo? 10Sa vle di Seyè a pa nan pale mete la. Tou sa li te di sou fanmi Akab la te fèt pou rive vre. Se Seyè a menm ki fè tou sa rive jan li te di sa nan bouch Eli, sèvitè l' la. 11Se konsa Jeou touye tout rès fanmi Akab ki te lavil Jizreyèl, tout grannèg ki t'ap sèvi avè l' li yo, bon zanmi l' yo ak prèt li yo. Li pa kite yonn ladan yo vivan.

12Apre sa, li pati pou lavil Samari. Sou wout la, lè li rive bò kan gadò mouton yo, 13li jwenn ak kèk fanmi Okozyas, wa peyi Jida a. Li mande yo: --Ki moun nou ye? Yo reponn li: --Nou se fanmi wa Okozyas. Nou pral di pitit wa a ak pitit larenn lan bonjou. 14Jeou bay moun ki te avè l' yo lòd sa a: --Pran yo tou vivan! Yo pran yo tou vivan, yo koupe kou yo bò kan gadò mouton yo. Te gen karannde moun antou. Yo pa kite yonn ladan yo vivan.

15Jeou pati ankò. Sou wout li, li kontre ak Jonadab, pitit gason Rekab la, ki t'ap mache vin jwenn li. Jeou di l' bonjou, epi li di l' konsa: --Ou gen menm lide avè m'? Eske w'ap mache avè m'? Jonadab reponn: --Wi, m'ap mache avè ou. Jeou di li: --Si nou dakò, ban m' lanmen. Jonadab ak Jeou bay lanmen. Jeou ede l' moute sou cha lagè a bò kote l'. 16Li di l' konsa: --Ann al avè m'. W'a wè jan mwen soti pou m' sèvi Seyè a. Se konsa yo pati ansanm sou cha a. 17Lè yo rive lavil Samari, Jeou touye dènye rès moun nan fanmi Akab la. Li pa kite yonn ladan yo vivan, dapre pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Eli a.

18Apre sa, Jeou reyini tout pèp lavil Samari a, li di yo: --Akab te sèvi Baal yon ti kras, mwen menm m'ap sèvi l' plis pase l'. 19Se poutèt sa, fè chache tout pwofèt yo, tout sèvitè Baal yo ak tout prèt li yo, fè yo vin jwenn mwen. Mwen vle pou tout moun la, paske mwen gen pou m' fè yon gwo sèvis pou Baal. Si yon moun pa la l'ap mouri. Men se yon plan Jeou te gen nan tèt li pou l' te touye tout moun k'ap sèvi Baal. 20Se poutèt sa li bay lòd pou yo fè tout moun konnen yo pral fè yon gwo sèvis pou Baal. Yo fè piblikasyon an. 21Jeou voye bay nouvèl la nan tout peyi Izrayèl la. Tout moun ki sèvi Baal yo vini. Pa t' gen yonn ki pa t' la. Yo tout antre nan tanp Baal la, yo plenn l' nèt. 22Jeou rele moun ki te reskonsab rad seremoni yo, li di l' konsa: --Pran rad seremoni bay tout sèvitè Baal yo. Nonm lan mete rad yo deyò, li bay yo chak yonn. 23Lèfini, Jeou ak Jonadab, pitit Rekab la, rive nan tanp Baal la, li di moun yo: --Se pou nou sèten se renk moun ki sèvi Baal ki la avè nou. Pa kite ankenn moun k'ap sèvi Seyè a nan mitan nou. 24Tout moun yo antre nan tanp lan pou ofri bèt pou yo touye pou Baal ak bèt pou yo boule pou li. Men, Jeou te mete katreven moun pa l' sou deyò tanp lan. Li te avèti yo, li te di yo: --Si yonn nan nou kite yonn nan moun mwen pral lage nan men nou yo chape, se li menm k'ap mouri nan plas li.

25Fini Jeou fini boule bèt yo pou Baal, li di gad yo ak kaptenn yo: --Antre, touye yo tout! Pa kite yonn ladan yo chape! Mesye Jeou yo antre ak nepe nan men yo, yo touye tout moun, yo trennen kadav yo met deyò. Lèfini, yo tounen nan pyès kote lotèl la ye nan tanp Baal la. 26Yo pran poto yo te mete kanpe pou Baal la, yo pote l' deyò, yo boule l'. 27Yo demoli lotèl Baal la ansanm ak tanp lan. Yo pran tanp lan yo fè l' sèvi latrin jouk jounen jòdi a.

28Se konsa Jeou fè disparèt sèvis Baal nan peyi Izrayèl la.

29Men li tonbe nan menm peche ak wa Jewoboram, pitit Nebat la, ki te lakòz pèp Izrayèl fè sa ki mal: li sèvi estati lò an fòm towo bèf ki te lavil Betèl ak lavil Dann. 30Seyè a di Jeou konsa: --Ou fè fanmi wa Akab la tou sa m' te vle fè yo. Ou byen fèt, ou fè sa ki dwat nan je m'. Se poutèt sa, pitit pitit ou yo pral wa nan peyi Izrayèl la rive sou kat jenerasyon. 31Men, Jeou pa t' bat kò l' plis pase sa pou l' te mache dapre lalwa Seyè a. Okontrè, li lage kò l' nan fè menm peche ak wa Jewoboram ki te lakòz pèp Izrayèl la fè sa ki mal.

32Lè sa a, Seyè a konmanse wonyen sou teritwa peyi Izrayèl la. Wa Azayèl atake moun Izrayèl yo toupatou nan peyi a, 33depi sou bò solèy leve larivyè Jouden jouk lavil Awoyè, anwo ravin Amon an nan sid, ki vle di nan tout peyi Galarad la ak peyi Bazan an kote moun branch fanmi Gad, fanmi Woubenn ak fanmi Manase yo rete.

34Tout rès istwa Jeou a ansanm ak tou sa li te fè ak kote yo rakonte jan li te vanyan sòlda, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa Izrayèl yo. 35Lè Jeou mouri, yo antere l' lavil Samari. Se Joakaz, pitit li, ki moute wa nan plas li. 36Jeou te gouvènen peyi Izrayèl pandan ventwitan nan lavil Samari.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

2 Kings 9
Top of Page
Top of Page