Genesis 26
Haitian Creole Bible

1Te vin gen yon lòt grangou nan peyi a, pi rèd pase sa ki te tonbe sou peyi a nan tan Abraram lan. Lè sa a, Izarak ale yon kote yo rele Gera kay Abimelèk, wa moun Filisti yo. 2Izarak fè yon vizyon, li wè Seyè a parèt devan l'. Seyè a di l': -Pa desann nan peyi Lejip, rete kote m'ap di ou rete a. 3W'a pase kèk tan nan peyi sa a. M'ap avè ou, m'ap beni ou, paske mwen pral ba ou tout tè sa a pou ou menm ak pou tout ras ou. m'a kenbe sèman mwen te fè bay Abraram, papa ou. 4M'ap ba ou anpil anpil pitit tankou zetwal nan syèl la. M'ap ba yo tout tè sa yo. Gremesi pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon. 5tout sa, paske Abraram te tande m' lè m' te pale avè l', li te swiv tout lòd mwen yo ak tout kòmandman mwen yo. Li te fè tout sa mwen mande l', li te obeyi tout lwa mwen yo.

6Se konsa Izarak rete kote yo rele Gera a. 7Lè mesye ki te rete nan peyi a mande l' kisa madanm li ye pou li, li reponn yo se sè l' li ye, paske li te pè di se madanm li Rebeka te ye pou mesye yo pa t' touye l' pou yo te ka pran Rebeka ki te bèl anpil. 8Izarak te gen kèk tan depi l' te rete la. Yon jou, Abimelek, wa moun Filisti yo, t'ap gade nan fennèt li, li te wè Izarak ki t'ap pase men sou Rebeka, madanm li. 9Lè sa a, Abimelèk voye chache Izarak. Li di l' konsa: -Gade non, monchè, se madanm ou li ye! Poukisa ou di se sè ou li ye! Izarak reponn li: -Mwen te di sa paske mwen te kwè yo ta ka touye m', si m' te di se madanm mwen li ye. 10Abimelèk di l': -Kisa ou fè nou konsa? Yonn nan mesye nou yo ta ka byen rive kouche avèk madanm ou! Se ou ki ta lakòz nou fè peche sa a. 11Se konsa Abimelèk pase lòd sa a bay tout pèp la: -Si yon moun manyen nonm sa a, osinon madanm li, y'ap touye l'.

12Izarak fè jaden nan peyi a. Lè lanne a bout, li rekòlte san fwa valè sa l' te plante a, paske Seyè a te beni l'. 13Msye te vin rich. Li t'ap fè lajan toujou, jouk li rive vin rich anpil anpil. 14Li te gen kantite kabrit, mouton ak bèf, ak anpil moun ki t'ap sèvi l'. Sa te fè moun Filisti yo rayi sò li. 15Se konsa yo konble tout pi domestik Abraram yo te fouye sou tan Abraram, papa Izarak. Yo plen yo tè. 16Lèfini, Abimelèk di Izarak: -Pati, al fè wout ou! Ou pi grannèg pase nou. 17Se konsa Izarak pati kite kote l' te ye a, li ale nan Fon Gera a. Se la li moute kay li pou l' rete.

18Li fè refouye tout pi dlo yo te fouye sou tan Abraram, papa l'. Se pi sa yo moun Filisti yo te bouche apre lanmò Abraram. Izarak ba yo menm non papa l' te ba yo a. 19Domestik Izarak yo te fouye ankò nan fon an. Yo te jwenn yon sous dlo k'ap ponpe. 20Men, gadò mouton peyi Gera yo leve yon sèl kont avèk gadò mouton Izarak yo. Yo t'ap di: -Dlo sa a, se pou nou li ye. Se konsa Izarak rele pi a Pi dezagreman paske yo te chache l' dezagreman pou dlo a. 21Domestik Izarak yo fouye yon lòt pi ki te lakòz yo chache yo kont ankò. Se konsa Izarak rele pi a Pi ki fè lènmi. 22Lè l' wè sa, li wete kò l' kote l' te ye a, li fouye yon lòt pi pou sa pa t' fè kont. Se poutèt sa li rele pi a Pi ki pa nan kont. Li di: -Koulye a Seyè a ban nou kont espas nan peyi a pou nou pa nan kont. Se atò zafè nou pral mache nan peyi a.

23Izarak pati, li moute Bècheba.

24Menm jou sa a, nan mitan lannwit, Seyè a parèt nan yon vizyon, li di Izarak konsa: -Mwen se Bondye Abraram, papa ou. Ou pa bezwen pè anyen, paske mwen la avèk ou. M'ap beni ou, m'ap ba ou anpil pitit pitit, poutèt Abraram, sèvitè m' lan.

25Izarak bati yon lotèl la, li fè sèvis pou Seyè a. Li moute kay li la. Domestik li yo fouye yon lòt pi.

26Abimelèk soti Gera, li vin wè Izarak. Li te gen avè l' Akouzat, yon bon zanmi l', ak Pikòl, kòmandan lame li a. 27Izarak mande yo: -Poukisa nou vin wè m' koulye a? Jan nou te rayi m' sa a jouk nou te rive mete m' deyò nan peyi nou an! 28Yo reponn li: -Koulye a nou konnen Seyè a avèk ou. Se poutèt sa nou di n'ap fè yon kontra avè ou, n'ap sèmante yonn bay lòt. 29W'ap sèmante ou p'ap janm fè nou anyen, menm jan nou pa t' janm fè ou anyen. W'ap sèmante nou te toujou aji byen avè ou. Nou kite ou ale san bri san kont. Koulye a, ou gen benediksyon Bondye sou ou. 30Izarak fè gwo fèt pou yo. Yo manje, yo bwè. 31Nan granmaten, yo leve, yo sèmante yonn bay lòt. Apre sa, moun Filisti yo di Izarak orevwa. Yo separe tankou de bon zanmi, epi y al fè wout yo. 32Menm jou sa a, domestik Izarak yo vin ba l' nouvèl pi yo t'ap fouye a. Yo di l': -Nou jwenn dlo. 33Izarak rele pi a Chibeya. Se poutèt sa, jouk jòdi a, yo rele lavil la Bècheba.

34Ezaou te gen karantan lè l' marye ak Jidit, pitit fi Beri, yon moun Et. Li te gen yon lòt madanm tout yo te rele Basmat, pitit fi Elon, yon moun Et tou. 35Medam sa yo te rann Izarak ak Rebeka lavi minab.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Genesis 25
Top of Page
Top of Page