Job 13
Haitian Creole Bible

1Wi, mwen wè tou sa ak de je m'. Mwen tande tou sa ak de zòrèy mwen epi mwen konprann.

2Sa nou konnen an, mwen konnen l' tou. M' pa pi sòt pase nou.

3Men, mwen menm, se ak Bondye ki gen tout pouvwa m' annafè. Se avè l' mwen vle pale pou m' defann kòz mwen.

4Nou menm, kote nou pa konnen nou bay manti. Nou tankou dòktè ki pa janm geri pyès moun.

5Pito nou pe bouch nou! Lè sa a, n'a pase pou moun ki gen bon konprann.

6Koute sa mwen gen sou kè m'. Louvri zòrèy nou pou n' tande jan m' pral plede kòz mwen.

7Se defann nou vle defann Bondye kifè n'ap bay tout manti sa yo, kifè n'ap pale kwochi konsa?

8Se pou li n'ap pran? Se kòz li nou ranmase?

9Pou li, li ta bon pou nou si li t'ap chache konnen sa nou gen nan fon kè nou! Pa konprann nou ka woule Bondye tankou nou woule moun!

10Li ta regle nou byen regle, paske li ta tou wè se figi l' n'ap achte anba chal.

11Nou pa pè gwo pouvwa Bondye a? Nou pa pè li kraze nou?

12Bèl pawòl nou yo pa gen plis valè pase pousyè tè. Repons n'ap ban mwen yo pa kenbe, yo tankou miray sab.

13Koulye a, pe bouch nou! Ban m' yon chans pou m' pale. Sa ki pou rive a te mèt rive!

14Mwen mèt mouri! Zafè! M' mare ren m', m' sere dan m'!

15Bondye te mèt touye m'. Sèl chans mwen se pou m' esplike avè l'.

16Nou pa janm konnen, se sa ki ka sove m', paske moun ki fè mal pa ka parèt devan Bondye.

17Koute byen sa m' pral di la a. Louvri zòrèy nou pou n' tande deklarasyon mwen.

18M' pare pou m' defann kòz mwen, paske mwen konnen mwen nan dwa m'.

19Bondye, èske se ou ki pral plede avè m'? M' tou pare pou m' pe bouch mwen, pou m' asepte lanmò m'.

20De sèl ti chans ase m'ap mande ou. Apre sa, m' p'ap kache pou ou ankò.

21Sispann leve men ou sou mwen. Sispann fè m' pè tout pè sa a.

22Ou mèt pale anvan, m'a reponn ou. Osinon, kite m' pale anvan, w'a reponn mwen.

23Konbe peche, konbe bagay mal mwen fè? Kisa m' fè mwen pa t' dwe fè? Kisa m' fè ki mal?

24Poukisa w'ap kache pou mwen konsa? Poukisa ou fè tankou si se lènmi ou mwen ye?

25Poukisa w'ap chache fè m' pè? Poukisa ou leve dèyè m' konsa? M' tou fini, m' tankou fèy bwa, tankou pay chèch van ap pote ale.

26W'ap akize m' yon bann bagay k'ap fè m' mal. W'ap fè m' peye tou sa m' te fè lè m' te jenn gason.

27Ou mete pye m' nan sèp. Ou veye tout vire tounen m'. Ou gade tout kote m'ap mete pye m'.

28M'ap dekale tankou bwa pouri, tankou rad sizo ap manje.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Job 12
Top of Page
Top of Page