Leviticus 18
Haitian Creole Bible

1Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 2-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo: Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an! 3Piga nou janm fè menm jan ak moun peyi Lejip kote nou te ye a, ni tankou moun peyi Kanaran kote mwen pral mennen nou an. Piga nou swiv mès yo. 4Se pou nou swiv lòd mwen ban nou. Se pou nou fè sa mwen di nou fè. Se pou nou mache dapre prensip mwen ban nou. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. 5Se pou nou swiv regleman ak lòd mwen ban nou yo. Gremesi sa m' di nou fè a, tout moun ki koute m' va jwenn lavi. Se mwen menm ki Seyè a!

6Apre sa, Seyè a bay regleman sa yo: -Piga pesonn kouche yon fanm ki fanmi pre l'. Se mwen menm ki Seyè a. 7Piga ou jete dezonè sou papa ou pou ou kouche madanm li, se manman ou li ye. Pa jete dezonè sou manman ou. 8Piga ou jete dezonè sou papa ou pou ou kouche yonn nan fanm kay papa ou yo. 9Piga ou kouche sè ou, li te mèt menm papa osinon menm manman avè ou, kit li te elve nan menm kay avè ou, kit li te elve lòt kote. Piga ou kouche l'. 10Piga ou kouche pitit fi pitit gason ou osinon pitit fi pitit fi ou. Se va sou pwòp tèt ou w'a jete dezonè. 11Piga ou kouche pitit fi madanm papa ou. Se pou ou konsidere l' tankou pwòp sè ou. 12Piga ou kouche matant ou, kit se matant bò papa, 13kit se bò manman. 14Piga ou kouche madanm tonton ou bò papa. Se pou ou konsidere l' tankou matant ou. 15Piga ou kouche bèlfi ou: se madanm pitit gason ou li ye. Pa jete dezonè sou li. 16Piga ou kouche madanm frè ou. Pa jete dezonè sou frè ou. 17Piga ou kouche pitit fi osinon pitit pitit fi yon madanm ki te nan afè avè ou deja. Pa kouche yo. Se tankou si se te fanmi pre ou yo te ye. Si ou fè sa, se va yon wont! 18Piga ou pran yonn nan sè madanm ou pou yonn nan pwòp madanm ou yo toutotan madanm ou vivan. Sa ka mete yon jalouzi nan mitan yo.

19Piga ou kouche yon fanm ki gen règ li, paske lè sa a li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. 20Piga ou kouche madanm yon frè parèy ou, paske lè nou fè sa, ni ou ni fanm lan, nou pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. 21Piga ou janm bay yonn nan pitit fi ou yo tankou ofrann pou yo boule bay zidòl yo rele Molòk la, paske lè sa a w'a fè yo derespekte non Bondye. Se mwen menm ki Seyè a. 22Piga yon gason kouche yon lòt gason tankou yo kouche yon fanm: Se bagay Bondye pi pa vle wè. 23Ni fanm ni gason pa gen dwa kwaze ak zannimo. Se bagay k'ap mete yo nan kondisyon pou yo pa ka fè sèvis Bondye. Se bagay sal nèt.

24Piga nou janm fè bagay sa yo k'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fè sèvis Bondye. Se bagay konsa pèp lòt nasyon ki t'ap viv nan peyi a anvan nou yo te konn fè. Se poutèt sa Seyè a ap mete yo deyò pou nou ka pran plas yo. 25Yo te mete tout peyi a nan move kondisyon ak sa yo t'ap fè a. Se konsa mwen menm Seyè a, m'ap peni peyi a, m'ap fè l' voye moun ki rete sou li yo jete deyò. 26Men nou menm, se pou nou kenbe tout lòd ak tout kòmandman mwen ban nou yo. Piga pesonn ni nan nou, ni nan moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo fè ankenn nan bagay mwen pa vle wè yo. 27Se paske moun ki te rete nan peyi a anvan nou yo te fè tout kalite bagay sa yo, kifè yo te mete peyi a nan move kondisyon sa a. 28Konsa tou, si nou mete peyi a nan move kondisyon, peyi a pral voye nou jete deyò menm jan li te fè l' pou pèp ki te la anvan nou yo. 29Depi yon moun fè yonn nan bagay sal sa yo, y'ap wete l' nan mitan pèp Bondye a. 30Epi Seyè a di: -Se pou nou kenbe lòd mwen yo. Pa swiv move mès moun ki te rete nan peyi a anvan nou yo. Pa fè vye bagay sa yo k'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fè sèvis Bondye. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Leviticus 17
Top of Page
Top of Page