2 Samuel 15
Haitian Creole Bible

1Apre sa, Absalon achte yon cha lagè ak tout chwal pou tèt pa li. Li pran senkant gason pou mache avèk li. 2Chak maten, Absalon leve byen bonè, li al kanpe sou wout la bò pòtay lavil la. Chak fwa yon moun vini ak yon pwoblèm li ta renmen wa a regle pou li, Absalon rele l' sou kote, li mande l' ki bò li moun. Apre moun lan fin di l' moun ki branch fanmi li ye, 3Absalon di l' konsa: -Gade! Se ou menm ki gen rezon, lalwa avè ou. Men, p'ap gen yon moun kay wa a k'ap koute ou. 4Apre sa, li di ankò: -Ki moun ki va mete m' chèf nan peyi Izrayèl la? Lè sa a, tout moun ki ta gen yon zafè osinon yon plent ta vin jwenn mwen, mwen ta fè l' jistis. 5Chak fwa yon moun pwoche bò Absalon pou mete ajenou devan l', Absalon lonje men l', li kenbe l' epi li bo l'. 6Se konsa Absalon te fè ak tout moun peyi Izrayèl ki te vin bò kote wa a pou chache jistis. Se konsa li fè yo vin renmen l'.

7Apre katran, Absalon di wa David konsa: -Monwa, tanpri! Kite m' ale lavil Ebwon pou m' ka kenbe yon pwomès mwen te fè Seyè a. 8Antan mwen te lavil Gechou nan peyi Siri, mwen te pwomèt Seyè a si m' te tounen lavil Jerizalèm, mwen ta fè yon sèvis pou li Ebwon. 9Wa a di l': -Ale ak kè poze. Se konsa Absalon ale lavil Ebwon. 10Menm lè a, li voye mesaje nan tout branch fanmi Izrayèl yo pou di yo: Lè n'a tande twonpèt yo kònen, n'a fè konnen yo fè Absalon wa lavil Ebwon. 11Te gen desan (200) moun lavil Jerizalèm ki te pati avèk Absalon. Se Absalon ki te envite yo. Yo te byen kontan pati avè l', men yo pa t' konn anyen nan zafè konplo a. 12Antan Absalon t'ap ofri bèt pou Seyè a, li voye lavil Gilo al chache Achitofèl ki te yonn nan konseye David yo. Konplo a t'ap pran fòs. Patizan Absalon yo t'ap vin pi plis.

13Yon mesaje vin di David: -Moun peyi Izrayèl yo ap mache avèk Absalon, yo dakò avè l'. 14Se konsa David rele moun pa l' yo ki te avè l' lavil Jerizalèm, li di yo: -Se pou n' prese mete deyò si nou vle chape anba men Absalon. Ann fè vit kite lavil la. Si se pa sa, talè l'ap sou nou. L'ap fè nou pase pa nou, l'ap touye dènye moun nan lavil la. 15Patizan wa yo reponn: -Wi, monwa. Nenpòt kisa ou vle nou fè, n'ap fè l'. 16Wa a pran tout fanmi l', li pati apye. Li kite dis nan fanm kay li yo pou okipe palè a. 17Wa a leve pati kite lavil la ansanm ak tout moun pa l' yo. Lè yo rive devan dènye kay la, yo fè yon kanpe. 18Tout chèf li yo te kanpe bò kote l'. Yo kite tout gad pèsonèl wa a, ki vle di sòlda keretyen yo ak sòlda peletyen yo pase devan. Te gen sisan (600) sòlda moun lavil Gat ki te kite peyi yo vin jwenn David lavil Jerizalèm. Yo vin ap pase devan li tou.

19Wa a rele Itayi, chèf moun lavil Gat yo, li di l' konsa: -Poukisa ou prale ak nou tou? Tounen non, monchè. Rete ak lòt wa a. Ou pa moun peyi a. Se kouri ou kouri vin kache isit la. 20Ou pa gen lontan depi ou rive. Poukisa jòdi a pou m' fè ou ap mache nan bwa tankou vakabon ansanm avèk nou? Mwen pa menm konnen kote mwen prale. Tounen tounen ou ansanm ak tout moun menm peyi avè ou yo. Mwen mande Seyè a pou l' aji byen avè ou, pou l' pa janm lage ou! 21Men Itayi reponn li: -Monwa, mwen fè sèman devan Seyè a ak devan ou, se ou menm m'ap sèvi. Kote ou prale mwen pral avè ou, menm si mwen gen pou m' mouri. 22Lè sa a, David di li: -Bon. Ou mèt pran devan nou. Se konsa Itayi, moun lavil Gat la, ale avèk wa a, li menm, tout moun li yo ansanm ak tout fanmi yo. 23Tout moun nan peyi a t'ap rele byen fò lè yo wè David ak moun pa l' yo ap pase ale. David janbe lòt bò ravin Sedwon an ansanm ak tout moun li yo. Yo pran wout ki mennen nan dezè a.

24Zadòk, prèt la, te la tou ansanm ak tout moun fanmi Levi yo ki t'ap pote Bwat Kontra Seyè a. Yo depoze Bwat Kontra a atè. Yo pa leve l' jouk tout rès moun yo fin soti kite lavil la. Abyata, prèt la, te la tou. 25Apre sa, wa a di Zadòk konsa: -Pote Bwat Kontra a tounen nan lavil la. Si Seyè a pran plezi nan mwen, yon jou l'a kite m' tounen pou m' wè bwat la ansanm ak kote l' rete a. 26Men, si li pa kontan avè m' anko, enben, lè sa a, l'a fè sa li vle avè m'. 27Epi wa a di Zadòk ankò: -Gade! Ou menm ak Abyata, tounen tounen nou lavil Jerizalèm ansanm ak Akimaz, pitit gason ou lan, ak Jonatan, pitit gason Abyata a. 28Mwen menm, mwen pral tann nou bò larivyè a nan dezè a jouk n'a voye nouvèl ban mwen. 29Se konsa Zadòk ak Abyata pote Bwat Kontra a tounen lavil Jerizalèm, yo rete la.

30David menm moute sou mòn Pye Oliv yo. Li t'ap kriye, li te pye atè, tèt li te kouvri, paske li te nan gwo lapenn. Tout moun ki t'ap mache deyè l' yo te gen tèt yo kouvri tou, yo t'ap kriye. 31Lè David vin konnen Achitofèl te pran pozisyon ak Absalon nan konplo a, li lapriyè, li di: -Tanpri, Seyè! Fè konsèy Achitofèl yo pase pou pawòl moun fou!

32Lè David rive sou tèt ti mòn lan, kote yo konn fè sèvis pou Bondye a, Ouchayi, moun peyi Ak la, vin kontre l', rad sou li dechire, tèt li kouvri ak pousyè tè. 33David di l' konsa: -Ou p'ap ka fè anyen pou mwen si ou vin avè m'. 34Men, ou ka ede m' anpil si ou tounen lavil Jerizalèm. W'a di Absalon ou pral sèvi l' koulye a menm jan ou te sèvi papa l' nan tan lontan. Lè sa a, w'a ede m' pare tout move kou Achitofèl va gen lide pote m'. 35Zadòk ak Abyata, de prèt yo, va la tou. W'a di yo tou sa w'a tande y'ap di nan palè a. 36Yo gen Akimaz ak Jonatan, pitit gason yo, ak yo. W'a voye yo vin di m' dènye sa w'a tande nan palè a. 37Se konsa, Ouchayi, bon zanmi David la, tounen lavil Jerizalèm. Li antre nan lavil la an menm tan ak Absalon.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

2 Samuel 14
Top of Page
Top of Page