Job 19
Haitian Creole Bible

1Jòb pran lapawòl, li di konsa:

2 -Manyè sispann vire lòlòj Mwen non!Manyè sispann kraze kouraj Mwen ak tout pawòl sa yo?

3Tout tan n'ap plede joure m', n'ap trennen m' nan labou. Nou pa wont jan n'ap malmennen m' la a?

4Menm si mwen ta fè sa m' pa t' dwe fè, ki jan pou sa ta ka fè nou mal?

5Nou konprann nou pi bon pase m'. Nou di se paske mwen antò kifè m'ap pase tray sa a.

6Nou pa wè se Bondye k'ap manyen avè m'. Se li menm ki pran m' nan pèlen.

7Si m' rele anmwe ansasen, pesonn p'ap reponn. Si m' mande jistis, pesonn p'ap kanpe pou defann mwen.

8Bondye bare tout chemen devan mwen. M' pa ka pase. Li fè m' wè tou nwa devan mwen.

9Li fè yo ban m' move non. Li fè m' pèdi tout byen m'.

10Li minen m' tout jan. M'ap deperi. Li wete tout espwa m'. Mwen tankou yon pyebwa yo derasinen.

11Bondye ankòlè nèt sou mwen. Li konsidere m' tankou yon lènmi.

12Li voye yon bann malè sou mwen yon grenn kou, tankou yon lame k'ap atake m'. Yo rive sou mwen san m' pa wè sa. Yo sènen m' anndan lakay mwen.

13Bondye fè frè m' yo renka kò yo sou mwen. Zanmi m' yo kouri pou mwen.

14Tout fanmi mwen yo, tout bon zanmi m' yo disparèt. Moun mwen te konn resevwa lakay mwen bliye m'.

15Ata sèvant lakay mwen pa rekonèt mwen. Pou yo, yo pa janm konnen m'.

16Si mwen rele yon domestik, li pa reponn mwen. Mwen te mèt lapriyè nan pye l', li pa okipe m'.

17Madanm mwen pa ka pran sant mwen. Ata pwòp pitit mwen yo pè pwoche bò kote m'.

18Tout timoun ap pase m' nan betiz. Si m' fè yon ti kanpe, yo pase m' nan tenten.

19Pi bon zanmi m' yo ap gade m' ak degoutans. Sa m' pi renmen yo ap pale sou do m'.

20Mwen tounen zo ak po. Sa ki rete pou m' mouri a pa anyen.

21Nou se zanmi m'. Pitye pou mwen! Pitye! Se Bondye menm ki leve men sou mwen.

22Poukisa pou nou leve dèyè m' tou menm jan ak Bondye? Koulye a, nou pa pèsekite m' kont nou?

23Si sèlman te gen yon moun pou kouche pawòl mwen yo, pou ekri yo sou papye,

24pou grave yo ak sizo sou wòch plat, pou yo toujou rete make!

25Mwen menm, mwen konnen moun ki gen pou vin pran defans mwen an byen vivan. Se li menm an dènye k'ap kanpe sou latè pou pale pou mwen.

26Apre m' fin mouri, l'ap mete m' kanpe bò kote l'. M'a wè Bondye ak pwòp je m'.

27Se mwen menm menm k'ap wè l'. Se p'ap yon lòt moun! Kè m' ap fann,

28paske n'ap mande ki jan pou n' fè m' pase mizè ankò? Ki rezon n'ap jwenn nan mwen pou nou atake m'?

29Men, atansyon pou se pa sou nou nepe a tonbe, lè Bondye va soti pou pini moun ki antò yo. Lè sa a, n'a konnen gen yon moun k'ap jije tout bon.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Job 18
Top of Page
Top of Page