Job 33
Haitian Creole Bible

1Atòkile, Jòb, tanpri, koute sa m'ap di ou. Louvri zòrèy ou byen pou ou tande m'.

2M' pare pou m' di dènye sa ki vin nan bouch mwen.

3M' pral di tou sa ki nan kè m'. Se verite a tou senp mwen pral pale.

4Se lespri Bondye a ki fè m'. Se souf Bondye ki gen tout pouvwa a ki ban m' lavi.

5Si ou kapab, w'a reponn mwen. Pare kò ou. Pran pozisyon batay ou avè m'.

6Ou menm avè m', devan Bondye nou tout se menm. Nou tou de, se ak labou li fè nou.

7Ou wè! Ou pa bezwen pè m'! Mwen pa ka fè ou anyen!

8Mwen te tande ou ak de zòrèy mwen. Ki jan ou fè ka di:

9Mwen menm, mwen inonsan. M' pa fè ankenn peche! M' pa gen anyen sou konsyans mwen.

10Men, se Bondye ki pretann mwen ba l' jwen pou l' atake m'. Se li menm k'ap aji avè m' tankou si mwen te lènmi l'.

11Li mete de pye m' nan sèp. L'ap veye tou sa m'ap fè.

12La, Jòb monchè, m'ap reponn ou: ou antò. Paske Bondye pa kanmarad moun.

13Poukisa w'ap chache Bondye kont konsa? Se paske li pa reponn lè w'ap plenyen nan pye l'?

14Bondye pale divès jan. Men, pesonn pa okipe sa l'ap di.

15Lè moun kouche nan kabann yo, lè yo fon nan dòmi lannwit, Bondye pale ak yo nan rèv, nan vizyon.

16Li fè yo konnen sa li gen pou l' di yo. Li ba yo avètisman pou yo mache sou piga yo.

17Li vle pou yo kite move chemen y'ap swiv la, pou yo pa kite lògèy vire tèt yo.

18Konsa, yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo.

19Bondye avèti moun tou lè li voye maladi sou yo. Li ba yo doulè nan tout kò yo.

20Li bay yo degoutans manje. Yo pèdi anvi manje menm lò manje a gou.

21Y'ap depafini, tout moun wè jan y'ap vin mèg. Tout zo nan kò yo griyen.

22Sa ki rete pou yo mouri a, pou y' ale nan peyi san chapo a pa anyen.

23Lè sa a, yon zanj Bondye ka vin bò kote l', yonn nan milyonven zanj Bondye yo ki la pou fè moun chonje devwa yo.

24Zanj lan va gen pitye pou li. L'a di Bondye: -Tanpri, pa kite l' mouri. M'ap peye pou sove lavi li.

25Kò li va refè, l'a vin fre tankou lè l' te jenn.

26Li lapriyè Bondye, Bondye reponn li. li al adore Bondye ak kè kontan. Bondye padonnen l' devan tout moun.

27L'ap mache bay Bondye lwanj toupatou. L'ap di: -Mwen te peche, mwen te fè sa ki mal. Men, Bondye pa fè m' peye pou sa m' te fè a.

28Li egzante m' lanmò. Li ban m' lavi ankò.

29Men tou sa Bondye ap fè, de fwa, twa fwa pou lèzòm,

30pou l' pa kite yo mouri, pou l' ba yo lavi ak kè kontan.

31Koulye a, Jòb, louvri zòrèy ou! Koute byen sa m'ap di! Pe bouch ou la! Kite m' fin pale!

32Men, si ou gen kichòy ou vle di, pale; m'ap koute ou. Paske mwen ta vle ba ou rezon.

33Osinon, pe bouch ou, koute m' pito! Kite m' moutre ou sa ki rele gen bon konprann.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Job 32
Top of Page
Top of Page