Job 39
Haitian Creole Bible

1Eske ou konnen lè kabrit mawon yo ap fè pitit? Eske ou janm wè kote fenmèl yo ap miba?

2Eske ou konnen konbe mwa yo pote yon pitit nan vant yo? Kilè pitit yo rive dat pou yo fèt?

3Eske ou konnen lè yo pral kwoupi pou miba, lè y'ap fè pitit yo nan mitan dezè a?

4Pitit yo grandi, yo pran fòs, yo kite manman yo, y' ale, yo pa tounen.

5Ki moun ki bay bourik mawon libète yo? Ki moun ki lage yo nan savann?

6Mwen ba yo dezè pou kay yo. Mwen kite yo viv nan savann tè sale a.

7Tout bri k'ap fèt nan lavil yo pa di yo anyen. Pesonn pa ka donte yo pou fè yo travay.

8Yo mache nan tout mòn yo dèyè manje. Y'ap chache fèy vèt pou yo mete anba dan yo.

9Eske ou ka fè bèf mawon travay pou ou? Eske l'ap rete pase nwit mare nan lakou kay ou?

10Eske ou ka pase kòd nan kou yonn pou fè l' raboure tè a pou ou? Eske ou ka fè l' rale chari pou woule tè jaden ou yo?

11Eske ou ka konte sou gwo fòs kouraj li pou fè li travay di pou ou?

12Eske ou kwè l'ap asepte pote rekòt ou soti nan jaden? Eske l'ap asepte ranmase grenn ou yo sou glasi?

13Otrich alèz lè l'ap bat zèl li, men, li pa ka vole tankou sigòy.

14Otrich la ponn ze l' yo atè konsa. Se chalè tè a ki fè yo kale.

15Li pa konnen nenpòt moun k'ap pase ka pile yo, nenpòt bèt nan raje ka kraze yo anba pye.

16Li fè tankou ze yo pa pou li. Sa pa di l' anyen si li bay tèt li tout lapenn ponn ze yo pou gremesi,

17Se mwen menm, Bondye, ki fè l' sòt konsa, ki pa ba li lespri menm.

18Men, lè l' pran kouri, nanpwen kavalye sou chwal ki ka pran devan l'.

19Eske se ou menm ki bay chwal yo fòs, ki mete bèl krenyen sou kou yo?

20Eske se ou ki fè yo sote ponpe tankou kabrit, ki fè yo ranni pou fè moun pè?

21Y'ap pyafe konsa nan ti fon yo, y'ap bat tè a ak zago yo. Yo kouri ak tout fòs yo lè yo nan lagè.

22Se brave danje yo ye. Yo pa janm pè anyen. Pa gen zam ki pou fè yo fè bak.

23Lè konsa, ti sak flèch ki nan do kavalye yo ap fè bri. Lans ak frenn ki nan men yo ap fè zèklè.

24Yo eksite, yo pa ka tann. Y'ap kouri sou lènmi an. Lè yo tande twonpèt la soufle, yo pa ka rete an plas.

25Chak fwa twonpèt la soufle, yo fè han! Yo gen tan pran sant batay la byen lwen. Yo tande chèf yo k'ap pase lòd byen fò.

26Eske se ou ki moutre grigri jan pou l' vole lè li louvri zèl li yo vole ale nan sid?

27Eske se ou ki bay malfini lòd pou li fè nich li byen wo sou tèt mòn yo?

28Li rete sou tèt gwo wòch yo. Se la li pase nwit. Kote l' ye a, moun pa ka vin pran l'.

29Se la li rete, l'ap veye bèt pou l' trape manje. Li te mèt byen lwen, l'ap wè yo ak je li.

30Se san bèt ti malfini yo bwè. Kote ki gen kadav, se la yo ye.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Job 38
Top of Page
Top of Page