Psalm 104
Haitian Creole Bible

1Kite m' di Seyè a mèsi! Seyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou gwo! Devan ou se respè, se chapo ba!

2Ou vlope kò ou nan yon gwo limyè. Ou louvri syèl la tankou yon tant pou ou rete.

3Ou bati kay ou sou nwaj yo ki plen dlo. Ou pran nwaj yo sèvi ou cha, yon kouran van ap pouse ou ale.

4Ou fè van yo pote komisyon pou ou. Ou fè zèklè yo tounen sèvitè ou.

5Ou mete latè kanpe fèm sou fondasyon li. Anyen pa ka brannen l'.

6Ou mete lanmè sou li tankou yon rad, dlo te kouvri tout mòn yo.

7Men, lè ou parèt devan yo, yo pran kouri. Lè yo tande loraj ou gwonde, yo met deyò.

8Yo kouri desann sou mòn yo, yo pase nan fon yo, y' al pran plas ou te pare pou yo.

9Ou ba yo limit pou yo pa janm depase, pou yo pa tounen vin kouvri latè ankò.

10Ou fè sous dlo koule nan fon yo. Ou fè dlo koule nan mitan mòn yo.

11Yo bay dlo pou bèt nan bwa yo bwè. Bourik nan bwa yo vin bwè lè yo swaf dlo.

12Zwezo fè nich sou pyebwa ki bò dlo yo. Y'ap chante byen fò nan tout branch yo.

13Ou rete nan syèl la, ou voye lapli wouze mòn yo. Ou kouvri tè a ak benediksyon ou.

14Ou fè zèb pouse pou bèt yo manje. Ou fè plant moun bezwen yo grandi pou latè ka donnen manje,

15pou latè ka donnen rezen ki bay diven pou fè kè lèzòm kontan, lwil pou fè figi yo fre, pen pou ba yo fòs.

16Pyebwa Seyè yo, pye sèd li menm li te plante nan peyi Liban an, yo jwenn tou sa yo bezwen.

17Se la zwazo fè nich yo. Sigòy fè kay yo sou tèt pyebwa yo.

18Mòn apik yo se pou kabrit mawon yo ye. Daman kache nan twou wòch yo.

19Ou te fè lalin pou l' make jou yo. Solèy la konnen kilè pou l' kouche.

20Ou fè fènwa tonbe sou peyi a, li lannwit. Tout bèt nan rakbwa yo soti deyò.

21Jenn lyon yo ap gwonde, y'ap chache manje. Y'ap mande Bondye ba yo manje.

22Lè solèy leve, yo wete kò yo, y' al kouche nan twou yo.

23Moun soti pou y' al travay, wi, pou y' al travay jouk solèy kouche.

24Seyè, ou fè anpil bagay! Ou fè yo avèk bon konprann. Latè plen ak bagay ou fè.

25Gade gwo lanmè a, li laj, li fon. Gen kantite bèt k'ap viv ladan l', gwo kou piti.

26Se sou li gwo batiman yo ap pwonmennen. Gwo bèt lanmè ou te fè a, levyatan an, ap jwe ladan l'.

27Se sou ou tout bèt sa yo konte, pou ou ba yo manje lè yo bezwen.

28Ou ba yo manje, yo manje. Ou louvri men ou, yo manje plen vant yo.

29Vire ou vire do ou, yo pran tranble. Lè ou wete souf yo, yo mouri frèt, yo tounen nan pousyè kote yo te soti a.

30Men, lè ou soufle souf ou, ou bay lavi ankò. Konsa, ou bay latè yon lòt figi.

31Se pou bèl pouvwa Seyè a rete jan l' ye a pou tout tan. Se pou Seyè a kontan ak tou sa li fè.

32Li gade latè, latè pran tranble. Li manyen mòn yo, mòn yo pran fè lafimen.

33M'ap pase tout lavi m' ap chante pou Seyè a. M'ap fè lwanj Bondye pandan tout tan m'ap viv la.

34Mwen ta swete pawòl mwen fè l' plezi, paske se li ki fè kè m' kontan.

35Se pou moun k'ap fè sa ki mal yo disparèt sou latè. Se pou pa gen mechan ankò! Kite m' di Seyè a mèsi! Lwanj pou Seyè a!

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Psalm 103
Top of Page
Top of Page