Psalm 106
Haitian Creole Bible

1Lwanj pou Seyè a! Wi, lwanj pou Seyè a paske li bon: li p'ap janm sispann renmen nou.

2Ki moun ki ka rakonte tout gwo bagay Seyè a fè? Ki moun ki ka fin fè lwanj li?

3Ala bon sa bon pou moun ki fè sa Bondye mande l' fè, ki toujou ap fè sa ki dwat devan li!

4Seyè, jan ou gen kè sansib pou pèp ou a, pa bliye m'. Pa bliye m', lè w'ap vin delivre yo.

5Konsa, m'a wè jan moun ou chwazi yo alèz. M'a fè kè m' kontan ansanm ak pèp ou a. M'a pran plezi m' ansanm ak moun ki pou ou yo.

6Tankou zansèt nou yo, nou te peche, nou te fè mechanste, nou te fè sa ki mal.

7Lè zansèt nou yo te nan peyi Lejip, yo pa t' konprann mirak ou te fè pou yo. Yo te bliye jan ou te renmen yo, yo leve dèyè Bondye ki gen tout pouvwa a, lè yo te bò Lanmè Wouj la.

8Men, li te sove yo pou sa sèvi yon lwanj pou li, pou l' moutre jan li gen pouvwa.

9Li te pase Lanmè Wouj la lòd, lanmè a cheche. Li fè pèp li mache nan fon lanmè a tankou si se te nan yon dezè.

10Li sove yo anba men moun ki te rayi yo, li delivre yo anba men lènmi yo.

11Dlo a neye tout lènmi yo. Pa gen yonn ki chape.

12Se lè sa a pèp li a vin kwè sa l' te di a, yo chante pou fè lwanj li.

13Men, lamenm, yo bliye sa l' te fè pou yo. Yo pa t' tann li fin fè pou yo sa l' te gen nan lide l'.

14Yo kite lanvi pran pye sou yo nan dezè a, yo t'ap gade ki bò Bondye ye ak yo.

15Se konsa, Bondye ba yo sa yo te mande l' la. Men, li voye yon move maladi sou yo pou touye yo.

16Antan yo la nan dezè a yo te rayi sò Moyiz ak sò Arawon, sèvitè Bondye te chwazi a.

17Se konsa latè a fann, li vale Datan, li fèmen sou Abiram ansanm ak tout moun ki te fè bann ak li yo.

18Dife grennen sou tout bann lan, li boule tout mechan yo.

19Lè yo te Orèb, yo fè pòtre yon ti towo bèf, yo adore zidòl yo te fè ak lò a.

20Yo pran lwanj ki pou Bondye a bay yon pòtre bèf ki manje zèb.

21Yo bliye Bondye ki te delivre yo a, avèk gwo mèvèy li te fè nan peyi Lejip,

22mirak li te fè nan peyi Kam lan, mèvèy li tè fè bò Lanmè Wouj la.

23Se konsa Bondye di l'ap detwi pèp li a. Men, Moyiz, moun li te chwazi a, kanpe devan li. Li mande l' pou l' pa fè kòlè jouk pou li ta detwi yo.

24Yo pa t' vle tande pale sou peyi kote pou yo jwenn tout bon bagay la paske yo pa t' kwè pawòl Bondye.

25Yo rete anba tant yo, y'ap bougonnen. Yo pa t' vle koute Seyè a.

26Lè sa a, Seyè a leve men l', li sèmante l'ap fè yo peri nan dezè a.

27L'ap gaye tout pitit pitit yo nan mitan lòt nasyon yo, l'ap kite yo mouri toupatou nan peyi etranje.

28Men, pèp Bondye a mete tèt yo ansanm pou y' al adore Baal lavil Peyò. Yo manje bèt yo te touye ofri bay mò yo.

29Sa te moute kolè Seyè a anpil sou yo lè li wè sa yo t'ap fè. Se poutèt sa maladi tonbe sou yo.

30Men, Fineas leve, li mete lòd, li pini koupab yo, epi pèp la geri.

31Bagay sa ki rive a te fè yo bay Fineas rezon depi lè sa a pou tout tan.

32Pèp la te fè Seyè a fache anpil bò sous dlo Meriba a. Sa te fè Moyiz lapenn pou yo.

33Sa te fè Moyiz sitèlman fache, li te rive fè bagay li pa t' gen dwa fè.

34Yo pa t' detwi moun lòt nasyon yo jan Seyè a te mande yo fè a.

35Men, okontrè, yo te marye ak yo, yo pran tout vye mès yo.

36Yo pran adore zidòl yo. Sa tounen yon pèlen pou yo.

37Yo ofri pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo pou touye bay zidòl yo.

38Yo touye ti inonsan sa yo, pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Yo ofri yo bay zidòl moun peyi Kanaran yo. Se konsa yo fin derespekte tout peyi a ak san moun yo te touye.

39Avèk sa yo t'ap fè a, yo avili tèt yo, yo vire do bay Bondye.

40Seyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te degoute ak pitit li yo.

41Li lage yo nan men moun lòt nasyon yo. Moun ki te rayi yo mete pye sou kou yo.

42Lènmi yo t'ap peze yo, yo te soumèt yo nèt anba men yo.

43Seyè a te delivre pèp li a anpil fwa. Men, yo te pito revòlte kont li, yo te tonbe pi mal nan fè peche.

44Men, Seyè a te wè mizè yo, li te tande jan y'ap rele.

45Li chonje kontra li te pase ak yo, li gen pitye pou yo paske li renmen yo anpil.

46Li fè moun ki te kenbe yo prizonye gen pitye pou yo.

47Delivre nou non, Seyè, Bondye nou. Fè nou soti nan tout peyi kote nou gaye yo. Sanble nou non, pou nou ka di ou mèsi pou tout bagay ou menm ase ou ka fè, pou nou ka kontan lè n'ap fè lwanj ou.

48Ann fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la! Ann fè lwanj li depi tout tan ak pou tout tan! Epi tout pèp la pran reponn: Wi, se vre! Lwanj pou Seyè a!

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Psalm 105
Top of Page
Top of Page