2 Samuel 13
Haitian Creole Bible

1Men sa ki vin rive apre sa: Absalon, pitit gason David la, te gen yon sè ki te bèl anpil. Li te rele Tama. Amnon, yon lòt pitit gason David, tonbe damou pou li. 2Amnon te sitèlman renmen l', li vin malad paske li pa t' ka fè anyen pou sa. Tama te tifi toujou. Yo pa t' kite l' kontre ak ankenn gason. 3Men, Amnon te gen yon zanmi, yon moun yo te rele Jonadab, pitit gason Chimeya, frè David. Jonadab sa a te mètdam anpil. 4Li di Amnon konsa: -Ou se pitit wa a. Chak jou mwen wè figi ou kagou. Sa ki genyen? Amnon reponn li: -Mwen renmen Tama, sè Absalon, frè menm papa avè m' lan. 5Jonadab di li: -Pran pòz malad ou, moute kabann ou kouche. Lè papa ou va vin wè ou, w'a di l': Tanpri, kite Tama, sè m' lan, vin ban m' manje. Mwen ta renmen pou li pare manje a devan m' pou m' wè l', lèfini pou l' sèvi m' manje a li menm. 6Se konsa Amnon moute kabann li kouche, li pran pòz malad li. Wa David vin wè l'. Amnon di l' konsa: -Tanpri, kite Tama vin pare de ti gato la devan m' lan, lèfini pou l' sèvi m' yo li menm.

7David voye komisyon bay Tama nan palè a pou l' ale kay Amnon pare manje pou li. 8Tama ale vre kay Amnon, li jwenn li kouche sou kabann li. Li pran ti gout farin frans, li pare l', li fè kèk gato pou li devan je l'. Lèfini, li mete yo kwit. 9Apre sa, li wete yo nan pwelon an devan Amnon. Men, Amnon refize manje. Li di l': -Fè tout moun soti! Lè tout moun fin soti, 10Amnon di Tama konsa: -Pote gato yo nan chanm lan. Se ou menm ki pou sèvi m'. Tama pran gato li te fè yo, li pote yo bay Amnon nan chanm lan. 11Antan l'ap lonje gato a ba li, Amnon mete men sou li. Li di l' konsa: -vin kouche avè m' non, sè m'! 12Tama di l': -Non, frè m'! Pa fòse m'! Sa pa fèt konsa nan peyi Izrayèl! Pa fè bagay lèd sa a. 13Apre sa, mwen p'ap ka gade moun nan je ankò. Ou menm, pou tèt pa ou, w'ap pase pou yonn nan pi move moun nan peyi Izrayèl. Tanpri, pale ak wa a. Mwen sèten li p'ap refize ou marye avè m'. 14Men, Amnon pa wè li pa tande, li kenbe l' la. Li te gen plis fòs pase l', li kouche ak li.

15Lèfini, li santi li rayi Tama pou l' mouri. Li vin rayi l' plis pase jan li te renmen l' lan. Li di l': -Mete ou deyò lakay mwen! 16Tama reponn li: -A non! Mete m' deyò konsa! Sa pi mal ankò pase sa ou sot fè m' la a! Men Amnon pa t' soti pou koute l'. 17Li rele gason ki t'ap sèvi l' la, li di l': -Wete fi sa a devan je m'! Mete l' deyò. Lèfini, fèmen pòt la akle dèyè l'. 18Gason an fè Tama soti deyò, li fèmen pòt la akle dèyè l'. Tama te gen yon rad long ak gwo manch sou li. Se rad konsa pitit wa yo te konn mete sou yo lè yo poko marye. 19Li simen sann dife sou tèt li, li chire rad ki te sou li a, li mete de men nan tèt, li pran rele epi li ale.

20Lè sa a, Absalon, frè l' la, mande l': -Eske Amnon, frè ou la, fè kadejak sou ou? Tanpri, sè m' pa kite sa fatige ou twòp, tande. Se frè ou li ye. Pa di pesonn anyen. Se konsa Tama rete pou kont li kay Absalon, frè l' la. Li te nan gwo lapenn. 21Lè wa David vin konn sa ki te pase, li te move. Men, li pa di Amnon anyen, paske se te premye pitit gason l'. Li te renmen l' kou de grenn je nan tèt li. 22Absalon vin rayi Amnon pou kadejak li te fè sou Tama, sè li a. Li koupe l' bonjou.

23Dezan apre sa, Absalon t'ap koupe lenn mouton l' yo lavil Baal azò, toupre lavil Efrayim. Li envite tout pitit gason wa yo vin manje.

24li al jwenn wa David, li di l' konsa: -Monwa, mwen pral koupe lenn mouton m' yo. Ou pa ta vle vini ansanm ak tout chèf ou yo lakay mwen? 25W'a reponn li: -Non, pitit mwen! Se pral twòp traka pou ou si nou tout nou vini. Absalon pèsiste, men wa a pa pran priyè, li voye l' ale ak benediksyon l'. 26Lè sa a Absalon di l': -Men, èske w'ap kite Amnon, frè m' lan, vini ak nou? Wa a reponn li? -Poukisa pou l' ale a? 27Men Absalon sitèlman pèsiste, bout pou bout, David kite Amnon ale ansanm ak tout lòt pitit gason l' yo. Absalon te pare yon gwo fèt tankou si l' t'ap fè l' pou yon wa.

28Epi li bay domestik li yo lòd sa a, li di yo: -Gade byen, lè n'a wè Anmon ak bon gwòg nan tèt li, m'a di nou: Desann Amnon. n'a touye l'. Nou pa bezwen pè, mwen pran tout reskonsablite a sou mwen. Mete gason sou nou. Frape san tranble. 29Se konsa domestik Absalon yo swiv lòd Absalon te ba yo, yo touye Amnon. Lè sa a, tout lòt pitit gason David yo leve, yo moute milèt yo, yo met deyò.

30Yo te sou chemen lakay yo toujou, lè David vin pran nouvèl Absalon touye dènye pitit gason li yo, pa gen yonn ki chape. 31Wa a leve kanpe, li chire rad ki te sou li, li lage kò l' atè. Tout moun ki te avèk wa a chire rad sou yo tou. 32Men Jonabad, pitit gason Chimeya, frè David la, di l': -Monwa, yo pa touye tout pitit gason ou yo non. Se Amnon ase ki mouri, paske Absalon te gen lide nan tèt li pou l' te fè sa depi lè Amnon te fè kadejak sou Tama, sè l' la. 33Koulye a, monwa, ou pa bezwen koute moun k'ap vin di ou tout pitit gason ou yo mouri. Se Amnon ase yo touye.

34Lè sa a Absalon te gen tan kraze rak. Sòlda ki te faksyonnè a wè yon foul moun ki t'ap kouri desann ti pant sou chemen lavil Owonayim lan. li al jwenn wa a, li di l' sa li wè. 35Jonabad di wa a konsa: -Men sa m' t'ap di ou la. Se pitit gason ou yo k'ap vini. 36Fini li fin di sa, pitit gason David yo rive. Yo pete rele. Wa a pran rele ansanm ak tout chèf li yo. Yo rele kont rele yo.

37Absalon menm kraze rak, li al kay Talmayi, pitit gason Amiyoud la, ki te wa lavil Gechou a. David menm te nan gwo lapenn pandan kèk jou pou lanmò Amnon. 38Absalon rete pase twazan lavil Gechou kote li te kouri al kache a. 39Lè wa David fin konsole apre lanmò Amnon, li vin anvi wè Absalon.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

2 Samuel 12
Top of Page
Top of Page